🚨🇭🇹 HAYTI - URGENT : JODI A SE « LILIN ». DEMEN, S KA CORA-LYNN OSWA PITIT OU
Tout pandan m ap gade videyo a, se pa menm doulè viktim yo ki plis rache kè m, se sitou vwa moun ki te bò kote bouwo a, ki, — olye yo t ap di l sa sifi, — men ki t ap di l sa pa sifi. Ebyen moun sa yo otomatikman konplis lè yo t ap di l literalman : « Ou pa bay Lilin ase non. Apa se 2 kout bwa sèlman ou bay Lilin… »
Pawòl moun (konplis) ki te la yo fè m tranble pi mal pase kout bwa depakat yo. Pou mwen, sa vle di klèman, Hayti cheri nou an rive nan yon pwen kote mechanste pa sèlman egziste ankò, li jwenn espektatè, kameraman pou filme, montè pou byen chwazi sekans yo, epi responsab rezo sosyal pou pibliye zak baba sa yo nan lide pou ensite plis vyolans, jiskaske n rove nan gè sivil.
Wi, jodi a, zak vyolans k ap komèt sou moun, lè zak sa yo rive lakay nou, gen moun ki mete yo disponib pou ankouraje yo, genyen lòt ki la pou ri yo. E sa se prèv pa kat, nou prèske pa moun ankò jan KAÏ chante mizik la. M vrèman pa konn ki sen m ta priye pou sosyete a ta ka dezabitye ak mechanste, pou n sispann gade vyolans kòm yon aksyon nòmal ki dwe repwodui.
PA gen anyen ki nòmal nan sa, keseswa mare de medam yo, pandye yo, joure yo, bat yo, ankouraje bouwo a ba yo plis, filme yo, epi pibliye videyo a sou rezo sosyal. Non, yonn nan aksyon sa yo mwen site la yo pa nòmal, menm si mesye ak mayo jòn nan ta manm #PNH, epi de medam yo ta manm #VivAnsanm. Paske depi yon moun mare, li pa yon menas ankò. Depi yon moun anba kontwòl ou, sa w fè l apre sa ka gen tout non, sof jistis. Kidonk, videyo n ap gade la sa, se yon zak mechanste ki gen « tòti » oswa « krim » kòm lòt non.
Janbèna, ou pa menm bezwen poze kesyon pou w konnnen kisa de medam yo te fè mesye a. De medam yo se viktim, mesye a se agresè. Sa vle di, kèlkeswa zak 2 medam ta komèt, menm si yo ta reprezantan Lisifè sou latè, e menm si yo ta komèt zak ki pi mal la, yo pa merite sibi britalite sa. Dayè, pa gen anyen nòmal lè yon moun santi li gen dwa kraze zo yon lòt moun anba kout pye, kout pwen, kout bwa, anba imilyasyon, tankou lavi ak diyite lòt moun sa pa vo anyen.
Antouka, jodi a se yo… demen, se ka pitit ou, sè ou, frè ou, zanmi w, oswa ou menm an pèsòn. E se egzakteman konsa sosyete nou an ap degrenngole. Se pa lè gen bouwo tankou mesye ak mayo jòn nan sèlman, men se lè gen yon gwo kantite moun ki wè, ki tande, epi ki antann yo tasitman pou yo fè silans paske se pa yon moun yo konnen, sa pa regade yo.
Lòt bagay ki plis endinye m nan videyo a, jodi a se anivèsè Premyè Dam mwen an, Cora-Lynn k ap selebre 11 ane egzistans li. Pandan l ap resevwa jwèt, flè, tout kalite kado, lanmou ak konsèy nan men paran ak zanmi l, nan menm moran an mwen al tonbe sou videyo sa kote aparaman « Lilin », yonn nan viktim yo, se yon ti fiyèt ki petèt gen 11 lane tou. Yon timoun ki ta dwe ap jwe, ap ri, ap reve. Olye de sa, yo pandye l, y ap maspinen l, y ap imilye l, epi gen moun k ap ankouraje sa. Se grav !
Se poutèt sa, m ap mande pou nou rann mwen yon sèl sèvis. Tanpri, ede m souple pou videyo sa pa disparèt nan endiferans. Pa kite videyo sa mouri san bouwo a pa peye pou zak baba ak brital sa li komèt sou 2 medam yo. Tanpri souple, ede m fè l rive kote li dwe rive. Paske si nou pa di anyen jodi a, bouwo yo ap santi yo gen dwa kontinye maspinen nou.
Nan sans sa, si ou rekonèt omwen yonn nan viktim yo, kontakte m an prive nan mesaj WhatsApp : +509 37 19 6191. Paske si yo vle pote plent, m ap mete avoka mwen a dispozisyon yo san okenn frè ak depans pa depann de yo.
Yon lòt bò, si ou rekonèt mesye k ap komèn zak sal sa, ou kapab voye enfòmasyon an an prive tou. M ap depoze yon plent fòmèl kont li, sitou si li pa deja yonn nan manm gang oswa gwoup teworis ki deja anba gwo plent ak sanksyon yo.
1/2
@EmnaMizouni@StateIVLP@usembassytunis The #IVLP NGO Management project is one of the most meaningful and powerful experience of my life. Meeting some of the greatest NGO leaders the world pushed me to go higher and work better. Proud of the lifesaving work of #IVLP NGO Management cohort 2019 during #covid19.
2K Followers 26K FollowingNous sommes la mission française d'un Ministère d'évangélisation, qui est actif dans de nombreux pays. Pour faire connaître le message de Jésus-Christ.
113 Followers 605 FollowingI AM GODDESS CALIANA I AM LOOKING FOR A SUBMISSIVE SISSY SUB THAT CAN SARVE ME WITH ALL IS LIKE AND I AM A GOOD MISTRESS AS WELL
172K Followers 107K FollowingAu service de la communauté,au service de la Nation-To inform,to educate,to empower. RTs/Likes are not endorsements. Nou patajé twit,nou pa responsab pawol zot.
5 Followers 14 FollowingMental Health org. serving the Afro-Caribbean Population.
To sign up to be in our international mental health directory👇🏾
https://t.co/xJiJveBG5S
1K Followers 5 FollowingFormer U.S. Congressman | New York 🇺🇸
Constitution • Freedom • Liberty • America First
God Bless America! 🇺🇸
Not Affiliated with any official entity
63K Followers 965 FollowingDemocracy deserves better. Watching. Questioning. Speaking up.
If that’s you, follow 🤝
As an Amazon Associate | earn from qualifying purchases.
191K Followers 411 FollowingRussia X🇷🇺 | 🌐 Instant and comprehensive coverage of conflict zones and hot events around the world.
🛡️ An independent platform not affiliated with any party.
19K Followers 180 FollowingOfficial KLASS Twitter | Voted Haitian Band of the Year 2013, '14, '15, '16, '17, '18 & '19 | For booking call Herve Bastien: 7863066449
9 Followers 221 FollowingCitoyen engagé pour une Haïti digne et fière
Juriste, Master en coopération internationale et aide humanitaire
Consultant Expert en cohésion sociale
14K Followers 9K FollowingTravel ✈️ • Food 🍜 • Animals 🐾 • Life ✨
Just sharing what I see, love & believe.
My views, my perspective. You’re welcome to agree or disagree.
43K Followers 153 FollowingUn seul sujet m'intéresse véritablement ici : le trafic humain, notamment la pédocriminalité. C'est le seul qui peut véritablement faire bouger les populations.
10.7M Followers 1K FollowingUnmatched perspicacity coupled with sheer indefatigability makes me a feared opponent in any realm of human endeavour. Escape Slavery: https://t.co/b2DF1rm9ij
1.2M Followers 3K FollowingFounded by Joe Gallina to expose MAGA corruption, defend democracy, and uplift those fighting for truth and justice. 6 million+ followers across our platforms.
286K Followers 759 FollowingVIVIR quiere decir tomar partido 🚩 Premio Internacional de Periodismo - México 2026 🔥 Batalla de IDEAS | Únete a mi canal https://t.co/zfT4Pyu3cH